Il y a de cela 26 ans (1992 à aujourd’hui) depuis que cette bonne pratique de
célébrer la Journée Internationale des Personnes Handicapées a été instituée par décision de l’organisation des Nations Unies. Chaque année, c’est toujours une occasion spéciale de rappeler notre égalité en droits et en dignité et de marquer les efforts collectifs accomplis et à accomplir en vue de la réalisation de cet idéal. Le thème retenu pour cette année, à l’échelle nationale, en dit long : « Ansanm ak moun andikape yo, ann travay pou kore devlopman ». Il indique deux mouvements : une société qui recherche l’inclusion sociale, mais aussi qui renforce ou augmente la capacité d’agir de tout un chacun pour une Haïti meilleure.
Soti 2007 pou rive jodi a, nou pa rete an plas, nou kontinye poze jalon pou yon
politik piblik ki chita sou entegrasyon moun andikape yo. Politik sa yo pran fòm plizyè lwa enpòtan. Lwa 13 mas 2012 sou entegrasyon moun andikape, lwa 3 jiyè 2018 sou nòm aksesiblite nan anviwònman bati, men tou pwojè lwa sou Fon Solidarite Nasyonal pou entegrasyon moun andikape yo ki nan palman an. Lwa sa yo pwoteje dwa moun andikape yo kòm moun, kòm sitwayen epi yo kreye kondisyon pou yo ka viv pi byen ansanm ak tout sitwayen. Men lwa yo sèlman pa sifi pou nou konstwi yon sosyete ki respekte dwa tout moun. Yo dwe akonpanye ak yon seri aksyon pou ranfòse epi miltipliye kapasite moun andikape yo pou yo aji, pou yo reyalize pwojè lavi yo.
Entegrasyon chita sou respè dwa moun, sou rekonesans diyite, valè ak kapasite
moun. Tout rekonesans dwa moun andikape yo dwe baze sou aksèptasyon ak enplikasyon yo, kote patisipasyon yo gen enpòtans, kote kontribisyon yo konte.
Moun andikape yo pap sèlman revandike dwa pou yo entegre, men tou yo vle
kontribye, yo vle gen opòtinite mete konesans ak konpetans yo nan devlopman peyi a. E se kontribisyon tout sektè nan piblik kou prive ki ka rann dwa sa yo efektif.
Li enpòtan pou nou komemore dat 3 desanm nan paske se yon okazyon pou nou sansibilize pi plis popilasyon an sou dwa ak kapasite moun andikape. Men tou motive moun andikape yo, pou yo viv ak yon espri pozitif, epi rete detèmine pou yo kapab transfòme lavi yo. Se nan vizyon sa, depi Prezidan Jovenel Moïse te rekondui mwen nan mwa avril 2017 la, mwen pa sispann fè yon seri entèvansyon ansanm ak kolaboratè mwen yo nan diferan domèn : sansibilizasyon, edikasyon, pwoteksyon sosyal, ranfòsman kad legal, elatriye. Pami entèvansyon sa yo, nou ka site lwa sou nòm aksesibilite nan anviwònman bati a ke nou te finalize, ke palman an vote, ke Pouvwa ekszekitif la pibliye. Se te enpòtan pou reglemante konstriksyon ki kapab favorize otonomi ak sekirite pou tout moun.
Lòt entèvansyon, se finalizasyon Pwojè lwa sou òganizasyon ak fonksyonman Fon solidarite nasyonal pou entegrasyon moun andikape yo ki fin vote nan chanm
depite a epi ki ap tann vòt senatè yo. Se yon fon ki enpòtan anpil pou konbat lamizè ak eksklizyon moun andikape yo.
Akote reyalizasyon sa yo, ki plis gen karaktè estriktirèl, nou fè yon seri lòt
entèvansyon ijan. Nou akonpanye plizyè santèn moun ki nan sitiyasyon difisil pou
ede yo rezoud kèk bezwen tankou swen sante ak reyadaptasyon, lojman, lekòl,
aktivite biznis nan Pòtoprens tankou nan pwovens. Nou ap travay ak OMRH tou
pou pèmèt plis moun andikape entegre fonksyon piblik la sou baz kalifikasyon yo ak konpetans yo.
Tout travay sa yo kap reyalize, se gras ak fon trezò piblik la, men tou gras ak bon
kolaborasyon nou devlope ak divès òganizasyon entènasyonal tankou Christian Blind Mission ak Humanité & Inclusion, World Vision. Patenarya sa yo fèt nan enterè moun andikape yo ak tout popilasyon ayisyèn nan. Nan domèn lojman, pa egzanp, ak Food For the Poor nou rive konstwi plizyè dizèn kay pou pèmèt plizyè fanmi nan Grandans ak nan Sid ki gen yon moun andikape nan yo viv nan pi bon kondisyon. Yon santèn lòt kay an faz pou konstwi nan divès depatman nan peyi a tankou Nò, Sant, Sidès ak Atibonit.
Angwo, ansanm ak tout kolaboratè nou yo, nou mobilize san rete pou nou vann
yon lide klè sou politik piblik nan domèn andikap. Nap travay pou nou reyalize
misyon Prezidan Jovenel Moïse ansanm ak Premye Minis Céant bannou epi marye misyon sa ak volonte moun andikape yo pou yo pran plas yo anndan sosyete a. Lit kont « exclusion » moun andikape yo pa fasil, men li pa kanpe, lap pwogrese chak jou.
Travay pou entegrasyon moun andikape yo se yon travay manch long. Li long paske li charye plizyè mouvman pou rekonesans ak rèspè dwa moun; pou enplikasyon ak patisipasyon ki pèmèt chak moun devlope kapasite yo; pou devlopman peyi a paske san devlopman, diferan dwa moun andikape yo pap kapab materyalize.
Pou nou fini, nap reyafime angajman nou pou nou travay pou moun andikape yo e avèk yo pou yo kapab enplike yo pi plis nan konstriksyon yon Ayiti ki chita sou jistis, ki rekonèt diferans e ki valorize kontribisyon chak moun. Ansanm nap kapab konstwi yon Ayiti kote lavi ap pi bèl, kote diyite nou ap ranfòse, kote santiman apatenans nou ap vin miltipliye.
Bòn komemorasyon tout moun!