Pòtoprens 2 me 2023.- Minis Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl la inogire pandan jounen lendi premye me 2023 a yon lise teknik agrikòl nan komin Titwou-de-Nip. Se premye lise ki ofri fòmasyon sa a nan tout peyi a.
Seremoni sa te dewoule an prezans elèv, anseyan ak plizyè dizèn lòt abitan nan Titwou-de-Nip ak lòt lokalite ki tou pre yo.
Ministè Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl te chwazi dat premye me a ki se fèt Agrikilti ak Travay pou òganize aktivite sa a nan lide pou ba li pli chaj senbolik e pèmèt asistans la konprann ki viraj sistèm edikatif la dwe pran yon fason pou bay jenn fi ak jenn gason ki nan sistèm edikatif pi bon mwayen pou yo fòme tèt yo, prepare yo pou mache travay, e si yo deside, kontinye aprann nan inivèsite pandan y ap travay pou fè lajan.
« Jodi a n ap inogire premye lise teknik agrikòl peyi a. Se yon enstitisyon ki pral fòme pwofesyonèl pou travay nan divès domèn tankou agrikilti, lapèch, òtikilti. Fòmasyon sa a ap prepare yo tou pou jesyon antrepriz agrikòl, pou pilote epi fè mentnans nan ekipman teknik agrikòl yo », selon minis Nesmy Manigat ki, nan yon egzèsis pedagojik, te eksplike byen klè filyè ansèyman jeneral la ap toujou egziste nan lise a, men se yon ajou ki fèt avèk volè ansèyman teknik agrikòl la.
Lise teknik agrikòl Titwou-de-Nip la chita sou anviwon yon karo tè. Minis Manigat anonse gen bon jan dispozisyon ki deja pran, pou nan tèt kole avèk minstè Agrikilti, yo kapab enplante sou sit la yon fèm agwo-eskolè kote elèv yo va fè eksperimantasyon pandan y ap kontinye pwodui pou mete manje nan asyèt yo oubyen pou vann nan mache. Nan sans sa a, minis Manigat kòmanse ankouraje otorite minisipal yo pou gade ki kote yo kapab jwenn lòt pòsyon tè pou fasilite eksperimantasyon sa a kapab pi byen dewoule.
« Inogirasyon sa a charye dèyè l rèv Louis-Joseph Janvier ki makonnen ak rèv Jacques Roumain, Joseph C. Bernard. Se rèv yon edikasyon ki bay tout moun menm chans pou yo reyisi atravè yon lekòl ki chita sou valorizasyon richès natirèl ak richès kiltirèl peyi a. Se yon lekòl kote Ayisyen aprann konnen pi byen don lanati fè peyi a, men tou travay pou ba yo plis valè nan pwoteye yo ; travay pou nou kapab tire nan yo anpil nan sa fanmi yo bezwen pou yo viv. E se posibilite tè a bay, se posibilite sous dlo yo bay, se posibilite lanmè a bay », se sa minis la te rapousuiv pou di pandan li te raple nesesite pou peyi a kòmanse gade pi byen tout posibilite ekonomi vèt (kilti tè) ak ekonomi ble a (eksplwatasyon lanmè) ofri.
Nan finisman entèvansyon li an, minis Nesmy Manigat te salye premye direktè lise a, Wiener Coty, ki te travay anpil pou te konsolide fondasyon enstitisyon sa a.
Nan entèvansyon li te fè nan okazyon an, direktè lise a te di kòman li kontan paske, apre 31 lane egzistans, lise sa a pral fonksyone nan yon espas ki apwopriye. Daprè Hubert-Mann Joachim, nouvo espas sa a pral fasilite anpil ansèyman an fèt nan pi bon kondisyon e elèv yo ap pi byen dispoze pou yo aprann. Direktè a te mande piblikman tout moun k ap frekante espas sa a pou fè tout jefò yo pou yo kenbe l pwòp.
« Yo vle fè nou kwè lekòl an n Ayiti pa itil anyen. Men daprè sa lise sa a montre kominote a depi 31 lane, se diferan. Lise a fòme jenn yo, li ede nan batay kont delenkans, li ede anpil kominote a nan developman li », se yon bout nan deklarasyon Monica Chéry Jean-Baptiste, prezidant komite santral lise a ki pran angajman lè li fè konnen elèv ak anseyan ki nan lise sa a ap kontinye travay pou yon lòt Ayiti.
Konstriksyon lise sa koute plis pase 82 milyon goud. Fon kowesyen pou Developman ekonomik arab bay 77% nan lajan sa a. Rès 33% an, se Fon nasyonal pour Edikasyon (FNE) ki pote l.
Direktè jeneral FNE a deklare li kontan paske travay sa yo bout. Pou Jean Ronald Joseph gras ak kontribisyon dyaspora a enstitisyon l ap dirije a ap kontinye pote sipò pa li nan fasilite plis timoun ale lekòl e aprann nan pi bon kondisyon.
Jean Ronald Joseph bay garanti FNE ap toujou reponn lòt demann ministè Edikasyon nasyonal ki dwe ede nan amelyorasyon fonksyonnman lise Titwou-de-Nip la.
Responsab biwo Fon assistans ekonomik ak sosyal (FAES) nan Gran Sid peyi, li men tou, satisfè paske chantye sa a bout. Selon Abner Jean-Charles, enstitisyon sa a ki an penpan jodi a enpòtan anpil nan lavi kominote a.
Aprè seremoni inogirasyon an, minis Nesmy Manigat te vizite rès tèren kote lise a konstui nan lide pou evalye travay ki rete pou fèt pou enplantasyon fèm agwo-eskolè a. Minis la te pwofite moman an pou li menm ak kèk elèv te plante kèk pye fwi tankou mango.
Inogirasyon lise a nan jounen premye me a, se te okazyon pou Pwogran nasyonal kantin eskolè – nan tèt kole plizyè lòt patnè lokal, nasyonal tankou entènasyonal -, te òganize yon fwa sou lakou lise a.
Pami pèsonalite ki te patisipe nan aktivite sa a te genyen direktè jeneral MENFP a, Doktè Meniol Jeune ; Doktè Hervé Boursiquot, direktè jeneral ONAPE a ; direktè depatmantal Edikasyon nan Nip, Sid, Sidès ak Lwès sa vle di Jean Nelson Pierre, Sylvain Jean Désir, Auxène Roc ak Etienne Louisseul France ; Walex Pierre, direktè DAEPP la. An plis, yon moun te kapab konte Kòdonatè jeneral PNCS la, Djina-Guillet Delatour ; delege depatmantal Nip la ; pè Yves Voltaire, rektè inivèsite piblik Nip la ak de twa lòt manm kabinè minis Manigat.
Lise teknik agrikòl sa a genyen 18 sal klas, yon blòk administratif, de blòk sanitè, yon sal pou reyinyon anseyan, yon sal pou medyatèk, yon sal pou enfimri, yon espas pou kuizin, yon szl pou refektwa, yon sitèn ak yon tèren pou divès jwèt espòtif.
Biwo kominikasyon MENFP